5 moun mouri, 8 ka konfime, plis pase yon 50èn ka kolera sispèk nan komin Gran Gwav.

733

12-10-2022

Gran Gwav, Ayiti___(TRiboLAND) 5 moun mouri, 8 ka konfime  epi plis pase yon lòt 50èn ka sispèk, se bilan epidemi kolera a, nan lopital Georges Govin nan komin Gran Gwav. Nan kad yon entèvyou doktè Gédeon Jean Bernard akòde TRiboLAND Media, jounen samdi 10 desanm 2022 an.

Doktè Jean Bernand deklare yo genyen resouzimèn ki pou fè prizanchaj malad kolera yo, sepandan pigwo pwoblèm yap andire nan lopital Georges Govin an, sewòm yo itilize pou malad yo ki reyèlman trè chè; kidonk, li ant 1500 a 2000 goud epi li ra sou mache nasyonal la.

Medsen Gédéon fè konnen, tou ekzamen yo moutre ke se itilizasyon move dlo ak movèz pratik dijyèn sitwayen, sitwayèn yo, ki lakoz yo trape epidemi kolera a pa bann e pa pakèt.

Santre vil, Belvi 7èm seksyon, Glèz, nan 4èm seksyon ak Tozen, se kèk andwa epidemi kolera a, ap taye banda nan komin Gran Gwav, daprè teknisyen yo nan zafè sante a. 

Doktè Gédéon Jean Bernand, mande Leta ayisyen, atravè Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP), pou dote rejyon gwavyèn nan, yon sant tretman kolera yon fason pou ede yo fè fas ak epidemi kolera LONU an.

JOICY Arnold.

Comments are closed.