Selebrasyon jounen entènasyonal DUDH.

1,520

Jounen samdi 10 Desanm 2022 a, make 74e anivèsè selebrasyon jounen entènasyonal “Declaration Universelle des Droits de l’Homme”(DUDH).

12-10-2022

Pòdpè, Ayiti___(TRiboLAND) 10 desanm 1948 -10 desanm 2022, sa fè egzakteman 74 lane depi Òganizasyon Nasyon Zini ta pral mete kanpe yon enstriman jiridiko – maral, ki pote non: Deklarasyon inivèsèl Dwa Moun,ki ta pral gen pou objektif pwoteje Dwa ak Devwa sitwayen peyi manm yo.

Enstriman jiridik sa a, genyen anviwon 30 atik. Li la chita sou 2 Pak entènasyonal, pami yo:

  1. Pak entènasyonal relatif ak Dwa sivil, politik ke gouvènman ayisyen an ta pral ratifye nan dat 6 fevriye 1991. (PIDCP)

2. Pak entènasyonal relatif ak Dwa sosyal, ekonomik ak kiltirèl. (PIDESC)

Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan repati konsa:

  1. Atik premye ak 29 la, trete kesyon devwa sitwayen yo.
  2. Atik 2 pou rive nan atik 11 lan, pale sou kesyon dwa ak libète moun.
  3. Sòti nan atik 12 pou rive nan 17, yo trete kesyon domisil.
  4. Pou atik 22 jis rive nan 27, yo mete aksan sou kesyon sekirite sosyal la.
  5. Pou fini, atik 28 ak 30 lan, mansyone dwa moun nan kòm yon dimansyon sosyal ak entènasyonal.

Anpil kesyon ap poze pou konnen, èske nan peyi Dayiti moun ka pale sou dwa moun genyen, alòske Ayiti ratifye plizyè Pak entènasyonal pou respekte dwa moun ? Pami yo:

Dwa pou moun sikile lib e libè; dwa pou moun travay; pou pwoteje entegrite moun; pou pwoteje fanmi; pou moun jwenn moso ledikasyon ak la swenyay; dwa pou moun reyini; dwa pou moun jwenn manje, poun site sèlman sa yo.

Nou kapab di tout dwa nou sot site la yo, se bagay ki sèlman ekri sou papye paske Ayiti vin tounen yon Leta chen manje chen, Leta ayisyen kidnape tout dwa sa yo.

Kisa ki ta dwe fèt jodia pou Dwa moun nan peyi Dayiti respekte? Èske jenès la kòm, swadizan motè sosyete a, pa gen touch pal nan kanpay pou remanbre dwa moun andedan peyi a?

Yon seri kesyon kap tann reyaksyon chak sitwayèn, sitwayen ayisyen kap viv nan peyi Dayiti kou lòt bò dlo.

Ge4nson Hyppolite, Jiris

hyppolitegenson8@gmail.com

Comments are closed.