Nan kad yon pwogram dekouvri patrimwan kominal Tigwav, komite inityativ la, òganize yon seremoni pou onore kèk pèsonalite ki sèvi komin nan.

1,289

12-08-2022

Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND ) Komite inityativ pwogram dekouvri patrimwan kominal Tigwav, òganize yon seremoni jedi aprè midi 8 desanm 2022 a, sou Pak Forbin nan Tiginen. Nan lide pou onore  kèk pèsonalite ki sèvi komin nan  pami yo: ansyen jwè foot-ball Jean Appollon, fanmi “Dous Macoss”,  Gérard Labat. Sòlòkòtò pou te onore akonplisman ak tout sa Gran Toryan pèsonalite sa yo reprezante, te fèt an prezans divès notab nan vil la. Pami yo ou jwen moun tankou, Joseph Blavette, Bertrand Subreme, Jean Prague Louiral, Wesner Blavette, Devilas, André Osnel elatriye…

Yon seremoni ki te prezide anba direksyon konfrè jounalis Mathieu Guytho. Answit, odyans lan te benefisye okazyonèlman prezans, mè adjwen komin nan, Delor Desgranges ki nan tèt komite inityativ dekouvri patrimwan kominal Tigwavla.

Nan entèvansyon li, li deklare ke pwogram nan pa tap reprezante anyen si yo pa ta onore ansyen jwè foot-ball, Jean Appollon ki sèvi peyi a, ki sèvis Tigwav nan mete plezi, e fè moun bat brovo ni nan nivo rejyon gwavyèn la, ni nan nivo  potoprens nan epòk li tap jwe Foot–ball nan ane 1970.

Vastica, Lig Foot-ball reyonal ak Victory de Pòtoprèns, se kèk pami yon seri Club ke Jean Appollon te jwe pandan karyè Foot-ball li, daprè ansyen majistra a, Delor Desgranges.

Ansyen Foot-bolleur Jean Appollon, sou bò pa li, pat ka kenbe dlo nan je, nan moman li tap resevwa yon plak donè e merit la. Li eksprime kontantman li fas ak yon parèy jès bò kote ansyen majistra Delor Desgranges. Yon ak ke mo pa kapab esplike.

Jean Appollon pa mete dlo nan bouch li pou l kritike ansyen otorite ki pase nan komin nan, li di ki pa konnen ekzistans li  kòm yon moun ki te bay tout fòs kouraj li pou te sèvi komin nan. Ansyen jwè balon ron an, mande ankadreman bò kote otorite nan komin nan yon fason pou l jwen kichoy pou asire rès vye jou li nan yon moman li pa genyen pèsòn.

JOICY Arnold

Comments are closed.