Popilasyon senlwizyèn nan mobilize nan kad chase fatra

1,374

08-22-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Popilasyon senlwizyèn nan mete kanpe yon kanpay netwayaj depi semèn pase sou pye . Yon atelye travay ki konpoze ak plizyè òganizasyon debaz pami yo: CRI (selil de refleksyon), ATA (Asosyasyon Travayè Ayisyen) ak Jenerasyon 80 elatriye.

Aktivite netwayaj sa mete soupye nan objektif pou fèt patwonal Senlwi Wadefrans lan pase nan bonjan pwoprete. Yon lòtbò lameri mete ansanm ak MTPTC, sendika chofè yo, kòmanse fè pase men nan wout la, soti nan bèl rantre premyè seksyon pou rive nan vil la.

Nan sa ki gen pou wè avèk sekirite, majistra Gaston Estima di, meri a deja planifye ak tout lòt enstans konsène yo pou garanti sekirite tout peleren kap vin patisipe nan fè Senlwi Fwadfrans ane sila. Deja konsèy minisipal la di tout moun bon vini epi bòn fèt Lasenlwi.

Pierrilien Ncol Colly

Comments are closed.