Konsansis sansi a fèt nan ti zanmi ak ti pas kout

492

Se konsa konsansis la fèt?

Mesye dam sa yo ap fè bagay yo nan ti zanmi epi yap rele’l konsansis.

Eske ant 7 a 10 pi gwo fomasyon politik nan peyi a te la nan diskisyon yo? 

Ki pozisyon Pati Politik sa yo?

Ki jan yo pwopozé pou kriz sosyo politik la rezoud?

Eske te gen deba?

Pandan konbyen jou, sémèn ou mwa ke deba yo te fèt?

Eske swa dizan reprezantan sosyete sivil la te la nan deba ou diskisyon yo?

Konbyen Komisyon ki te fòme pou fè deba yo sou ijans ak pwoblèm peyi a?

Kisa ki te pwiyorité yo nan deba yo?

Eske ensekirité, lavi chè enflasyon elatriye…. te nan kè deba yo?

Ki jan de moun ki te nan Komisyon sa yo?

Eske te gen yon Komisyon Ekonomis?

Eske te gen yon Komisyon Sekirité?

Eske te gen yon Komisyon sou Afè Sosyal peyi a ki an kriz depi 1806 ?

Nan ki domèn ke moun ki te manm Komisyon yo ap evolye?

Eske Repwezantan dirèk Legliz Katolik, Pwotestan, Vodouyizan te la?

Eské Repwezantan Asosiyasyon : Medsen, Enfimyè, Ekonomis, Pwofesè, Inivèsitè, Sendika tout kalite, Psikològ, Etnològ,

Lapwès, Dwa Moun, Enjenyè Sivil, Enjenyè nan lòt Domèn, Agwonòm elatriye…..te pwezan?

Konbyen Repwezantan Òganizasyon Swa Dizan Dyaspora Haytièn nan Amerik di Nò, Santral, Sid, Karayib, Ewop, Afwik,

Lazi ki te la?

Sou ki sa diskisyon yo te baze?

Kisa ki te pwiyorize pou rezoud kriz Sosyo Politik la?

Eske te gen yon Komisyon ki te travay sou Enjerans Etranjè kap fèt nan peyi a?

Ki rapò chak Komisyon yo te remèt pou rezoud kriz la?

Eske te gen yon Komisyon ou plizyè Komisyon ki te travay sou tout rapò yo?

Konbyen jou ou semèn ou mwa ke diskisyon yo te dire pou jwenn yon Antant Nasyonal?

Apwè diskisyon yo, ki pwopozisyon sòti kriz ke yo te fè?

Kote kopi rapò yo?

Eske te gen vòt sou rezilta Komisyon dè Komisyon yo?

Eske nou ka pibliye yo, pou chak moun ki enterese ka gen yon kopi?

Eske tout patisipan yo te satisfè?

Eske Akò Konsansis la pibliye sou Radyo, Televizyon ak sou Rezo Sosyal yo an Kreyòl pou tout 100% haytien kreyolofòn

yo ka konnen sak te deside ladanl pou fiti yo, pitit yo ak pou peyi a?

Sou ki Lyen ke tout moun ka li yo ou tande yo pou yo konpwann sak tap diskite yo?

Eske te gen vot ki te fet pami repwezantan yo pou adopsyon Konsansis la?

Sou ki baz ke nou te chwazi Konsèy ki pou al pwan tèt peyi a?

Kijan rezilta vòt la te fini?

Eske nou ka pibliye’l, pou tout moun wè?

Eske’w konnen se la ou tou tonbe nan “Rezolisyon Konfli” a?

Mesye Dam, si nou pat rive akonpli ti bagay sa yo, al korijé kaye nou epi rekòmanse azewo paske “Ané

2023” sa a, ta dwe yon “Ane Rezolisyon Konfli” pou Hayti e non ti bagay chich an ti zanmi.

Sispann fè haytien kap viv deyò yo pwan desepsyon nan bouch etranje, sitou 70% tèt pansant haytien se deyò ke yo ap évolye. Bay peyi a, yon chans pou’l respire…..

Conseiller à Distance!

Comments are closed.