Men nan Men pou Pòdpè resevwa yon souflèt boykotaj nan vil Pòdpè : desepsyon, inisyativ echwe fas ak mank volonte e kòdinasyon nouvo Katel minisipal la.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Òganizasyon “Men nan Men pou Pòdpè ta sanble lave men yo aprè defèt ak mechanste ke yo sibi nan vil Pòdpè pandan 14, 15, 16 dawout 2026 la, dat plizyè aktivite levedfon te lanse ansiy solidarite avèk Meri Pòdpè a.
Òganizasyon entènasyonal Men nan Men eksprime gwo fristrasyon li parapò ak fason ajan egzekitif enterimè Mèri Pòdpe a, Ralph Moreau, ap jere patisipasyon enstitisyon an nan yon seri aktivite k ap fèt nan enterè vil la. Daprè divès enfòmasyon, òganizasyon an santi li pa jwenn kolaborasyon ak disponiblite premye otorite minisipal la, yo espere nan kad inisyativ li yo.
Nan mitan kritik yo, gen kesyon sou kapasite politik, lidèchip òganizasyonèl ak volonte pou sèvi enterè kominote a. Divès aktè ak obsèvatè ap denonse absans majistra a nan plizyè etap planifikasyon aktivite k ap fèt pou vil Pòdpe. Yo estime yon otorite minisipal ta dwe pi prezan, sitou lè gen òganizasyon ak sitwayen ki pran inisyativ pou pote pwojè ak aktivite nan kominote a.
Sitiyasyon an vin pi frapan pou kèk manm Men nan Men, paske gen moun ki soti Etazini espesyalman pou patisipe nan reyalizasyon yon seri aktivite nan vil la. Daprè yo, malgre efò sa yo, yo ta jwenn difikilte pou kominike ak responsab Mèri a. Gen plizyè tantativ pou jwenn majistra a ak direktè Mèri a ki pa ta bay rezilta, yon sitiyasyon kèk moun konsidere kòm yon mank konsiderasyon pou inisyativ kap fèt nan enterè popilasyon an.
Kritik yo raple tou fason ansyen majistra Josué Alusma te konn dirije Mèri a, kote opozan li yo te konn akize l dèske administrasyon an te twò pèsonalize e li pa t bay ase rezilta konkrè pou vil la. Pou kèk obsèvatè, si absans ak mank kowòdinasyon yo kontinye anba administrasyon aktyèl la, gen risk pou Mèri Pòdpe a pèdi plis kredibilite devan popilasyon an ak patnè li yo.
Sepandan, nan yon kontèks kote vil Pòdpe bezwen plis inisyativ, patenarya ak sipò òganizasyon lokal ak entènasyonal, plizyè moun estime li enpòtan pou responsab minisipal yo amelyore kominikasyon, prezans yo ak kapasite pou kowòdone aktivite yo. Pou yo, Mèri a pa dwe sèlman yon estrikti administratif, men yon enstitisyon ki dwe pran devan nan inisyativ k ap amelyore kondisyon lavi moun nan vil la.
Yon seri antite ki pwòch Meri a, estime ke feblès ak vilnerabilite ou wòl yo pat byen atikile nan demach kòdinasyon Men nan Men pou Pòdpè yo; konsa, sa ta esplike rezon fondamantal ki esplike absans patisipativ ak rekil pwemye majistra a, Ralph Moreau ak inisyativ òganizasyon an. Elas, bagay yo vire an boulatcha, malgre volonte, depans, sakrifis, kontribisyon kolektif ak deteminasyon pou bay lakay bourad, “Men nan Men pou Pòdpè” resevwa sou plizyè fwon souflèt boykotaj, pa bò kote popilasyon an kite detèmine pou pote kole, men bò kote yon seri antite ki pa kenbe pwomès ou atribisyon yo, patikilyèman bò kote nouvo Katèl minisipal la, sou direksyon Ralph Moreau.
Se evidan pa kapab genyen anyen ki pafè nan inisye ou fasilite yon pwojè ateri. Fay òganizasyonèl te kapab egziste nan egzekisyon yon parèy inisyativ akoz vilnerabilite yon seri antite anplas ki te kapab mal entèprete objektif Men nan Men pou Pòdpè a sou yon seri pwetèks inimajinab ki pa genyen anyen pou wè avèk defann site Kapwa Lamò a. Sepandan, li difisil pou konpwann, rezon ke sipòtè majistra katèl la avanse a, trè ilojik; paske ou pa kapab pale de yon bagay ki te reyèlman egzije koperasyon, kòdinasyon, lidèchip ak planifikasyon yon minisipalite ke yon gwoup moun asèpte kontribye pou solidarize avèk minisipalite lakay yo. Men nan tout sa, si se yon rejè total pou mank òganizasyon; men, kote elegans solidarite ak konpasyon ki arive jwe nan tout sa; kòm Majistra fas ak yon gwoup moun ki vle fè ti jefò pou lakay yo; ou te asèpte yon tèm referans de yo sou tout sa ki te genyen pou fèt la? Konsa, pawòl la di tout bagay yo te mal òganize; pandan Meri a te chwazi pa andose yon wòl aktiv nan tout sa ki tap planifye ou kowòdone yo!
Konsa, majistra Ralph Moreau te chwazi pa kolabore nan yon seri demach lojistik ak kòdinasyon; finalman akizasyon yo kontante yo sible lakinn nan nivo òganizasyon an? Se sa papa, fè politik!
Kesyon an rete pou konnen si ajan egzekitif enterimè Ralph Moreau ap pran an konsiderasyon kritik sa yo epi si administrasyon li an pral chanje apwòch li nan relasyon ak òganizasyon yo ak lòt aktè k ap travay pou devlopman Pòdpe. Pou anpil obsèvatè, fason Mèri a reyaji nan mwa k ap vini yo kapab detèmine si administrasyon aktyèl la pral retabli konfyans popilasyon an oswa si li pral antre nan menm lis kritik ki te deja vize ansyen administrasyon an ki pat kapab arive metrize fason li akomode ak kowòdone asistans bò kote pitit vil Pòdpè ki aletranje






