Peyi Ouganda plase premye satelit li an òbit

1,126

Minis ougangè pou Syans, Teknoloji ak Inivasyon, Monica Musenero, anonse jodi vandredi a ke peyi Ouganda plase premye satelit li an òbit tèrès avèk siksè.

Kampala, Ouganda______(TRiboLAND) Se yon bonjan nouvèl ki fè fyète peyi Ouganda ak Kontinan Afriken an. Se premye fwa peyi a plase an òbit tèrès premye satelit li. Lansman reyisi avèk anpil siksè avèk yon modil japonè apati Estasyon espasyàl la entènasyonal la (ISS). “Yon estasyon tèrès ougandè, ki localize a 25 km Ès kapital la, Kampala, genyen bou jan kontak sere ak satelit la”, se sa Musenero deklare bay ajans Reuters.

Aparèy la ki pote non “PearAfricaSat te arive mete sou pye gras ak èd peyi Japon e yo te lanse li 7 novanm pase atravè yon fuze Nasa. PearlAfricaSat genyen yon karakteristiks CubeSat, nano-satelit, li genyen pou siveye tout tèritwa ougandè y oak tout ès afriken.

Comments are closed.