Inondasyon : Meri Senlwidinò ap fè bwas nan kad yon kanpay netwayaj pou debleye komin nan.

216
0
Share:
TRiboLAND

04/14/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Konsèy minisipal kominal Senlwidinò a, antame yon kanpay netwayaj pou debleye plizyè katye ki te inonde pandan pasaj gwo lapli marijann ki mete tout moun sou deran. Travay yo kòmanse nan plizyè ri ou katye ak batiman piblik yo tankou : lopital Otrichyen, batiman minisipal la pou n site sa yo sèlman.

Pou sa ki gen pou wè avèk transpò piblik la, genyen 2 baskil ki diponib ak yon bako lodè pou anbleye tout trou ak espas ki koupe ou kreye yon seri nap dlo ki pa piti.

Antouka, dènye jou sila yo, komin Senlwidinò pran yon latriye gro fwap entanperi ki bay anpil janm tranble. Senlwidinò ap pran yon bon bout tan pou l retounen nan nòmal li, daprè yon seri rezidan.

Share:

Leave a reply