Anseyan Joseph Jean Antoine nan Tigwav denonse movèz kondisyon de vi paran ak profesè yo ap konnen dènye jou sa yo

1,268

11-29-2022

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Anseyan kap travay nan lekòl nasyonal Borno Lamarre nan Tigwav, denonse atravè yon pwen de près jounen madi 29 Novann 2022 a move kondisyon lavi pou paran ak profesè yo.  Joseph Jean Antoine pa mete dlo nan bouch li pou -l denonse lavi chè,grangou, miizè tout kalite, gaz ki pa disponib nan ponp yo, dola a kap souflete goud la ,ensekirite, kidnapping ak blackout elatriye…; li estime ki kapab fè gwo  enpak negatif sou fonksyonman lekòl la nan peyi Dayiti.

Edikatè a Joseph Jean Antoine ki deklare lekòl plase nan 8 objektif milenè nan devlopman yon peyi, li kwè dirijan ayisyen yo ta dwe aplike-l pou yon bòn gouvènans.

En 2èm pozisyon li di se manje, aloske manje reprezante yon biblo pou 85% moun nan popilasyon ayisyèn nan ki pa genyen aksè ak yon plat manje anndan peyi a.

Joseph Antoine kap poze tèt li kesyon pou konnen koman yon paran ki genyen 3 timoun pou bay manje, voye lekòl, peye taksi, lè-l konsidere kous taksi yo ki te 50 goud, pou kounyela triple, li pa bezwen pale pou profesè yo ki pral dispanse kou byen lwen, fòk yo manje, fòk yo peye taksi; se pandan sa yap touche a pa kabab reponn ak bezwen fanmiy yo.

Anseyan Joseph Jean Antoine ki kritike dirijan yo nan leta a, li di ki pa kreye bon jan kondisyon pou fè lekòl fonksyone nan peyi a, pandan-l kwè memsi lekòl la fòse fonksyone jodi lap bloke demen paske daprè li majorite  paran yo pa genyen mwayen pou akonpaye timoun yo lekòl.

Nap fè remake, aktivite eskolè yo reprann timidman nan kèk lekòl prive ayè lendi 28 novanm pase a, sepandan lise yo, lekòl nasyonal yo louvri pòt yo; anseyan yo prezan, men elèv yo pa mete pwent pye yo.

JOICY Arnold.

Comments are closed.