Jij depè ak grefye nan gwo difikilte pou yo fonksyone akòz absans bon jan kondisyon travay

1,203

11-30-2022

Tigwav, Ayiti_____(TRiboLAND) Jij de Pè yo, nan yon entèvyou ak la près jounen mèkredi 30 novann 2022 a, fè konnen yo nan gwo difikilte pou yo fè travay yo akòz kondisyon ki pa reyini nan Tribinal la.

Majistra yo ki deklare, nan sousi pou bay popilasyon yon ti gout sèvis, yo oblije chita atè nan raje nan perimèt  tribinal la pou tande jistisyab yo.

Biwo, chèz, ban, dosye, laptop ak kaye se kèk materyèl ki pase anba gwo flanm dife manifestan yo nan kad pou bay yon repons ak chèf gouvènman defakto Ariel Henry a, ki daprè yo, te di se kanaval yo tap danse nan lari a Tigwav.

Nan sans sa a, jij de Pè yo mande leta ayisyen atravè ministè la jistis ak sekirite piblik pou dote tribinal la kèk materyèl prese-prese yon fason pou yo kapab kontinye fè travay yo sankè plen.

Nap raple, tribinal de Pè, pakè jiridiksyon Tigwav, Finans, EDH, se kèk enstitisyon piblik ki pase anba gwo flanm dife protestatè yo ki tap revandike kont gouvènman defakto Ariel Henry a, nan dat 14 septanm 2022 pase a, san konte plizyè lòt enstitisyon piblik tankou prive yo vandalize.

JOICY Arnold

Comments are closed.