Melchie Dumornay klase kòm meyè jwèz U20 pou Konkakaf 2020 an

491

04/25/2021

Pandan ke peyi Dayiti ap subi anpil fwap ak imilyasyon sou plan nasyonal ak entènasyonal, vedèt nou yo pa sispan rekòfòte sitou lè yo soufle yon ti van fyète nan lavi dezespwà nou! Wi li te bay kè kontan lè Melchie Dumornay te poste sou kont Instagram li foto ki montre kontantman li avèk yon twofe soulye dò.

“Mwen trè kontan pou soulye dò ke mwen finalman rekupere a. Yon twofye konsa, mwen genyen li sou tèren jis poum fè karyè mwen bèl ak pou fyète tout ayisyen”, dapwè Grenadyè a ki klase kòm mèyè but U20 pou konkakaf 2020 an.

Melchie te pwofite egalman pou dedye “twofe sa a tout ko-ekipye, staff seleksyon U20 an, san konte dirijan ak fanatik ki kwè nan talan li.” Mèsi anpil.”

Comments are closed.