Ensekirite: Bandi “Pope” retounen ap opera pou laplibèl nan komin Senlwidinò

959

   11-25-2022

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Bandi “Pope” retounen ap opera yon lòt fwa ankò nan komin Senlwidinò; li boule epi kraze tout sa yon sitwayen ki rele Bernard Pierrilien te pwosede.

Nan yon premye tan, bandi Pope te mete dife avan yèswa lakay Bernard; konsa, sa pat kontante malfra ale e kote ke li deside fini ak malere a nètalkole.

Pope se yon bandi ki abite nan yon espas ki loje “Misyon Jezi” ki anba sponsorizasyon Johnny Coleman. Se menm andedan espas relijye sa ki prodwi yon latriye gang kap frajilize popilasyon 3èm seksyon Dègranj, Senlwidinò.

Konsa, anpil moun pa sispan mete 2 men nan tèt pou bougonnen kont program misyonè Coleman lan ki genyen inik objektif, mete zam nan men jenès la ki pa sispann mache kraze, entimide, boule e detwi byen malere.

Popilasyon konsène a, envite Coleman pran responsablite li; yo avèti li pou li mete kòd nan kou delenkan l’ap fòme yo, paske sa ki te pase nan lanmò a, pap pase nan vèy la!

Comments are closed.