Alapwòch selebrasyon fèt drapo, otorite yo fè anpil efò pou transfòme vil Pòdpè tankou yon chapito oseyan fatra

483
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kèk jou ankó, se va 18 me, fèt drapo peyi Dayiti, patikilyèman nan site Kapwà lamò a, Pòdpè depatman Nòdwès.

Nòt kap sikile attavè etablisman eskolè yo, ki soti anba ponyèt dirijan Edikasyon yo nan rejyon an, fè nou kwè ap gen defile majorèt nan vil pòdpè soti Plas Katedral pou al bout Pak Kapwa Lamò. Konsa, anpil timoun lekòl komanse ap chofe jarèt nan fè pwatik pou remèt show egzibisyon tout kalite nan lari a, byen avan yo al bout sou Pak Kapwa Lamò a.

Antrènman se bèl bagay! Men gwo koze a, se ki kote majorèt ou tijèn sa yo ki fin antrene a, pral pase pou pèfòme jan sa dwe ye nan okazyon fèt bikolò a, sitou lè nou remake tout Pódpè barikade ak fatra, labou depi avan e aprè gwo inondasyon ki te frape depatman Nòdwès la, mwa desanm pase a.

Kèk moun ki genyen tèt yo sou zepòl yo, pa vle reve dòmi genyen otorite nan vil parèy; yo plis vle refere ak ak yon majistra sangwen ou sal ke KPT a ak tout gouvènman sansal Didier Fils-Aimée a rekondwi ankò, aprè preske 10 lane grate santi nan kòripsyon, krim ak ramifikasyon gang.

Anpil notab nan vil la estomake fas ak yon parèy katastwòf fatra ki pa sispann moute balkon depi plis pase yon deseni. Nap raple, fatra a, se yon veritab politik ou cheval batay pou ansyen prizonye prizon sivil Pòdpè a; li itilize li nan kad mande lacharite ak egzije magogo nan men yon seri òganizasyon ayisyèn nan diaspora a ki manifeste volonte pou netwaye vil Pòdpè san yon goud Lesko.

Konsa, fas ak yon parèy dram, selebrasyon fèt bikolò a nan yon oseyan fatra kap dekonpoze, se yon veritab jwèt manje tè lakay yon group swadizan otorite lèdè ki konfòtab nan fè peyi a tounen yon veritab depo fatra.

Share:

Leave a reply