Asosyasyon Majistra yo kanpe ankwa kont nominasyon Avoka nan KOU KASASYON.

1,770

06-10-2022

Pòtopwens, Ayiti____(TRiboLAND) Divès asosyasyon Majistra tankou : Asosyasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo, Asosyasyon Pwofesyonèl Majistra yo, Asosyasyon Jij Depè yo; lanse yon piga kont Premye Minis defakto a Ariel Henry ki gen tandans vin enstale yon kèlkonk avoka nan la Kou KASASYON, pigwo enstans jidisyè Peyi Dayiti.

Majistra yo raple premye Minis defakto a, ke lwa 2007 ki jere kesyon Kou KASASYON an, bay kondisyon pou yon moun vin entegre Kou a, swa nan 2e,3e ak nan 4e grad.

Pou yo menm, dekrè 22 dawou 1995 lan nan atik 15 li, ak lwa 27novanm 2007 la, pa bay pèsòn aksè pou vin entegre Kou a, nan premye grad li.

Ansanm asosyasyon yo kontinye pou di, si tout fwa yon avoka ta vin nome nan KOU KASASYON se pral yon kou di pou lalwa ak tout Majistra kifè karyè yo, men tou sa ap kite pi vye legzanp ak bouch pa gou nan aparèy jidisyè a.

Sepandan, malgre premye Minis defakto a soulve kolè Asosyasyon majistra yo, sa pa anpeche yo konseye li nome sèlman Jij de syèj yo ak pakè Kou Dapèl yo, paketye KOU KASASYON ak Jij premye ran ke manda yo rive nan bout yo.

Comments are closed.