Yon polisye 17e pwomosyon tonbe anba bal bandi ame jounen mèkredi 20 mas 2024 la.

847

03 – 20 – 2024
Pòtoprens, Ayiti__(TRiboLAND) Noël Arnel, 17e pwomosyon nan PNH la tonbe anba bal malfwa nan Dèlma 72, jounen mèkredi 20 mas 2024 la.

Dapwè yon sous polisyè ke sal redaksyon nouvèl TRiboLAND te rive kontakte, ta fè kwè, polisye Noël Arnel t ap travay USPM kote li ta pral pase yon bon bout tan nan do premye minis anfoudraye a Ariel Henry.

Nap raplew, enstitisyon Lapolis la pa anmezi pou bay detay sou kantite polisye ki tonbe nan dènye jou sa yo anba bal gang ame nan Pòtoprens.

Comments are closed.