Pòdepè ensekirite: yon bandi gang tonbe nan zòn nan Kasav

1,446

10-05-2022

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Safè fè plis pase plizyè semèn depi yon backup polis pa sispan miltipliye prezans yo nan sa ki genyen pou wè avèk sekirize vil Pòdpè. Selon kèk sous ke nou kapab fè konfyans. Demach sekiritè sa yo antre nan kad yon plan estratejik pou remanbre sekirite popilasyon an ak demantle fwaye gang yo ki anvayi depatman Nòdwès la, patikilyèman, site Kapwa Lamò a.

Majorite polisye ki konpoze yon parèy backup genyen pou wè avèk enplikasyon yo nan kò spesyalize ki rele, Unité Dépatmentale Maintient l”Ordre (UDMO). Depi egzistans plan estratejik la, anpil bandi notwà ki te toujou konpòte yo an gro bibit ou teworize popilasyon an, komanse tonbe. De ou twa jou pap pase pou ou pa tande yon bandi mache pòs li anba bal lapopo.

Jodi mèkredi 5 oktob 2022 a, vè 1è nan aprèmidi, yon prezime bandi ki rele tèt li Kokayin ki tap bay anbil latroublay nan zone nan Kasav, bwè dlo bouch li aprè popilasyon an te fin metrizel. Selon yon sous nou ka fè konfyans, lapolis tap vin fè rès travay la!

Paralèlman, kèk minit aprè, lokalite Rivyè Dènèg tap pral resevwa youn nan alye defen Eric Prospère a, tap eseye sove tèt li. Abitan Senlwidinò yo te rive idantifye’l, aprè anpil entèrogasyon sa pat enpeche yo egzekite’l e li fè vwal pou peyi sa chapo.

Antouka, sa ki enpòtan pou yon moun konnen, operasyon demantle ou elimine bandi nan plizyè lokalite nan depatman Nòdwès ap fè chemen’l rèd mare!

Beetho



Comments are closed.