Yon gwoup jèn volontè detèmine pou kolabore ak komite kap travay nan wout 3èm seksyon Dègranj lan pou relye depatman Nòdwès ak Latibonit.

11–16–2022
Senlwidinò, Ayiti___(TRiboLAND) Yon gwoup jèn ofri tèt yo kòm volontè nan pran inisyativ pou yo ede komite kap travay nan twonson wout ki relye Senlwidinò ak depatman Latibonit lan pandan yap pase pa Pandi. Jèn sa yo fè konnen yo gen plis pase mwa depi yap travay sou wout la yo pa remake prezans Kazèk 3èm seksyon an ki pi prè yo se pa otorite kominal yo yo ta wè.
Gwoup jèn volontè yo pat kache dlo nan bouch yo pou yo mande otorite kominal yo ki pa janm poze yon pyè nan seksyon an pou satisfè popilasyon an remèt demisyon pou lòt moun ki kapab vin ede yo sove seksyon an. Yo pa mande pwojè endividyèl men patisipe nan aktivite kolektif yo pou yo jwenn yon solisyon pou seksyon an kapab devlope ekonomikman.
Yon lòtbò yo mande tout moun ki gen bòn volonte lonje lamen bay yo pou yo kapab kontinye ak travay yo. Wout la ap ede yo devlope bon jan relasyon komèsyal ak depatman Atibonit san yo pa bezwen pase pa Pòdepè. Yon lòt kote yo fè konnen se volonte ki pa genyen bò kote otorite yo nan peyi a, ki lakoz seksyon kominal yo rete zòn aksè difisil pou pwodwisyon peyizan pa janm devlope.
Komite a ap tann patisipasyon tout moun pou avansman wout la kap bon pou tout moun. Yo te fini ak pwovèb sa a “sak vid pa kanpe”.
Pierrilien Nicol Colly






