Pòdpe : Jij Fresnel Durosier prete sèman kòm nouvo jij enstriksyon nan TPI a

05/15/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan yon odyans ekstrawòdinè ki te dewoule vandredi 15 me 2026 la nan Tribinal Premyè Enstans Pòdpe, Jij Fresnel Durosier prete sèman ofisyèlman kòm jij enstriksyon. Seremoni an te fèt anba prezidans Dwayen tribinal la, Mèt Ernest Kepler Desravines, an prezans Komisè Gouvènman an Mèt Jeir Pierre, Batonye Òd Avoka yo Mèt Edler Louima, Kòdonatè Biwo Asistans Legal la Mèt Jean Eder Moreau, Majistra komin Pòdpe a Ralph Moreau, ansanm ak plizyè avoka ak sitwayen ki te vin temwen moman an.
Nan diskou sikonstans li, Komisè Gouvènman an te swete nouvo jij la anpil siksè pandan li ankouraje l travay nan respè lalwa ak prensip jistis yo. Pou pati pa li, Batonye a, Mèt Edler Louima, pa t ezite eksprime rezèv li sou fason nominasyon sa yo ap fèt nan peyi a. Daprè li, lalwa prevwa se Prezidan Repiblik la ki dwe fè nominasyon sa yo, e li kritike lefèt ke yo fèt anba otorite yon Premye Minis defakto. Li te pwofite raple Jij Durosier ke fonksyon jij enstriksyon an pa limite sèlman ak travay biwo, men mande prezans sou sèn krim yo, bon jan ankèt serye ak respè delè lalwa fikse pou tretman dosye yo.
Nan entèvansyon pa li, Jij Fresnel Durosier k ap swiv tras papa l ki te pase 55 lane kòm Jij, ki deja gen eksperyans nan sistèm jidisyè a kòm jij depè, jij de syèj ak jij enstriksyon, pwomèt pou kontinye sèvi peyi a avèk entegrite ak sans responsablite. Li fè konnen li byen konnen defi sistèm jistis la ap fè fas yo, men li rete detèmine pou mete konpetans li ak eksperyans li o sèvis popilasyon an pou rann yon jistis ki pi ekitab ak efikas.






