Manif Konferans Ayisyen Relijyez yo fè resèt enkonparab

0 344

Pòtopwens__(TRiboLAND) Jan sa te pwevwa, anba inisyativ Konferans Ayisyènn Relijyez, yon foul moun ke moun pa ka konte pwan achete jodi Madi 22 Oktòb 2019 la lari Pòtopwens lajan kontan sou baz pou rele chalbarik dèyè Jovenel Moise ki detèmine pou redwi Ayiti an fatra nan tout nivo. Kidonk, yo mande swadizan dirijan an poul pwan wout lasajès yon fason pou li sispann souye peyi.

Mouvman an te kòmanse pwan jarèt byen bonè nan maten nan Legliz Kris Wà e pakouri atravè tout kapital la jiskaske yo ateri nan katedral Pòtopwens lan. Nan yon pwemye tan anbyans lan te trè relijyez e seremonyèl; ou ta di se yon mès nwa pou voye manje ranje-a ale! Kèktan apwè, li te venn konplètman chanje an mobilizasyon angaje.

Fidèl katolik ak anpil lòt konfesyon relijyez te mete tèt yo deyò pou kore mouvman pèp souvren. Yo te tou blan, chapo ak bandwòl nan tèt ak pankat kap reklame chanjman yon sistèm newokolonyalis ki kokoratize pwemye repiblik nèg lib la. Yo pa mande lòt bagay si non ke demisyon san kondisyon Jovenel!

Monseyè Max Mezidor ki tap pwan lapawòl nan okazyon an pat manke envite gouvènman an, Palman, klas politik la ak tout lòt sèktè pou pwan wout lasajès si reyèlman yo vle bon bagay pou peyi sa. Monseyè-a plede pou yon chanjman radikal total kapital, yon fason pou tout moun arive jwenn ti moso Lajistis ki ka fasilite yon bònn gouvènans kap amelyore kondisyon vi popilasyon ayisyènn nan.

Monseyè Mésidor ki tap ekspwime pweokipasyon li sou sitiyasyon peyi-a envite tout aktè yo fè sakrifis pou rezoud kriz sa ki deja fè twòp moun mouri. Li raple tou, sa gen apepwè 36 lane depi ke Pap Jan Pòl II te vizite Ayiti, 4 Mas 1983. Gran Pontif la te deklare “fòk gen chanjman nan peyi sa.” Sepandan, malgre tou nad marinad, anyen pa janm arive chanje vwèman nan peyi-a pou melyore kondisyon salte pèp Ayisyen an!

Pou fini, manif relijyez yo jounen jodi 22 Oktòb 2019 la, te dewoule nan lapè ak tèt repoze e arive bat yon rekò san parèy.

Leave A Reply