Refleksyon agwonòm Rethone Jose II, sou 11 rapò anketè ULCC yo.

11-18-23
Pòdpè, Ayiti__(TRiboLAND) Pou agwonòm Rethone Jose II, pandan anpil moun ap bat bwavo lakontantman pou anketè ULCC yo, li tou raple yo, ke enstitisyon yo rele ULCC a la, pou li prevni, depiste, sanksyone epi elimine zak kòripsyon, oubyen chèche tout kaka chat mawon ki kache andedan administrasyon piblik la.
1- Agwonòm nan bò kote pa li mande, ki sa ki te anpeche ULCC fè prevansyon pandan anviwon 19 lane apre kreyasyon’l?
2- Se vre li fè kèk grenn depistaj men konbyen ka li depiste sou 19 lane egzistans li an, nan yon peyi kote kòripsyon se monè kourant?
3- Pouki mekanis sanksyon yo padeklanche la pou la?
Lè tout palmantè sa yo enplike nan zak kòripsyon an nivo sa a, ki ka minis, sekretè deta, Direktè jeneral ak lòt gwo kad nan fonksyon piblik ke gwo palto sa yo te nome ak kout fós? Sa vle di yo te byen jere? Nou vle di’m se yon bann move sous ki koule bon dlo?
Antouka, agwonòm Rethone Jose II, apre tout entèwogasyon sa yo, konsidere rapò yo kòm yon bon depa, sepandan l ap tann ajan ULCC yo rann peyi a sèvis sa a, ki se fasilite koupab yo parèt devan lajistis paske nan mal nan mal nèt, cho cho nèt pa gen kanpe, ann kontinye.






