Pak Endistriyèl Karakòl (PIC) remèt sètifika bay plizyè Ajan Sekirite nan Direksyon Sekirite Sivil ak Ijans lan

844

Direksyon Sekirite Sivil ak Sekou remèt sètifika bay 19 Ajan Sekirite ki te pran fòmasyon pandan plizyè jou nan mwa dawout la, sou teknik minòt, manèv manyen baton ak jesyon sekirite batiman endistriyèl.

09-02-2023

Karakòl, Ayiti ____(TRiboLAND) Nan objektif pou ogmante kalite sèvis sekirite nan Pak Endistriyèl Karakòl la, anviwon 19 Ajan Sekirite resevwa sètifika jounen jedi 31 dawout 2023 aprè anviwon plizyè jounen fòmasyon.

Fòmasyon entansif sa a reflete angajman direksyon an nan chèche bay ekip sekirite pak la, plis konpetans ak ekspètizm. Seyans yo te plis chita sou: ladrès teknik minotaj avanse, manipile baton, ak pwotokòl sekirite espesifik nan batiman endistriyèl yo.

Chèf sèvis sekirite a, antrenè-enstriktè PNH la, Maurel Predesten, deklare “Sètifika sa yo temwanye efò eksepsyonèl ajan sekirite nou yo, pou ranfòse konpetans ak ekspètizm yo”

Direksyon an felisite chèf sèvis sekirite a pou konesans li mete an plis nan tèt ajan yo.



Comments are closed.