Twa jèn gason arete pou kase kay ak biznis nan 6èm seksyon Kafou Lakolin ak Maseyan

Aken, Ayiti _____(TRiboLAND) Komisè gouvènman Aken an, Mèt Guy Mondelus arete 3 jèn gason maten madi 1e jiyè 2025 la. Daprè enfòmasyon otorite yo, mesye sa yo ta enplike nan plizyè ka kase kay ak vòl nan biznis moun nan lokalite Kafou Lakolin, 6èm seksyon kominal Aken, ak nan zòn Maseyan.
Arestasyon sa yo fèt apre plizyè plent ak temwayaj viktim yo sou aktivite malonèt yo abitye sibi. Komisè a, ki tap aji ak asistans Lapolis, deklare entèvansyon sa se rezilta bon jan travay envestigasyon ak kolaborasyon sere ki fèt nan tèt kole ak popilasyon an.
Plizyè lidè kominotè ak sitwayen òdinè eksprime satisfaksyon yo pou jan Lajistis ak Lapolis ap travay pou Lapè tabli nan kominote a. Yo swete parèy aksyon sa yo kontinye nan tout zòn kote krim ak ensekirite ap taye banda, patikilyèman nan detwi lavi moun.






