Fineray jounalis mapou: Ernest Edouard Laventure alyas “Mòlòskòt” chante jodi a nan Florid

347

01/16/21

West Palm Beach, Florid______(TRiboLAND) Se jodi samdi 16 janvye 2021 an ke fineray Ernest Edouard Laventure alyas “Mòlòskòt” chante nan West Palm Beach nan eta Florid. Fineray sa ki te reyini sèlman fanmiy ak kèk zanmi anba zèsèl defen, te arive fèt nan United Methodist Church ki nan Palm Beach Gradens.

Jounalis mapou a ki kite dèyè yon krèy fanatik nan lapenn, te kòmanse karyè jounalistik nan lane 1980 avèk Radyo Kasik Entènasyonal e fè anpil eksplwa avèk yon premye fòma “Le Monde est boulversé,” e ki te pran anpil ekstansyon atravè Florid.

Mon Konpè, pou sa yo ki toujou abitye avè’l, te fè anpil eksplwa egalman nan Florid; ekèk tan aprè fanatik yo te vinn retouve’l kòm inisyatè “Les Grands Dossiers” sou yon stasyon televizyon, “Haitian Television Media,” yon show ki te enpoze’l sou ekran an nan tout kominote ayisyèn patikilyèman nan peyi Etazini.

Mòlò ki te malad pou yon bon ti bout tan, te di kadran an baybay samdi ki te 2 janvye 2021 an. Ke nanm li repoze ak lapè!

Comments are closed.