Doktè Eddy Arnold Jean di lemonn babay

0 637
Doktè Eddy Arnold Jean

Pòtopwens___(TRiboLAND) Doktè Eddy Arnold Jean ki te gen 67 lane bay lemon do jou Madi ki 17 Desanm 2019 la apwè yon AVC dapwè yon nòt kominote lelit entèlèktyèl la mete deyò.

Direktè revu “Haiti demain” an, ki se yon natif natal vil Sen Mak, te yon medsen, ekriven, pwofesè inivèsitè, kritik literè, jounalis pou nou site sa yo sèlman. Doktè Jean te peze lou nan balans jeni ayisyènn nan. Li te fou anpil pou literati e li te dote yon konpetans chevwone e ekstrawòdinè nan dekòtike ou sentetize vrè reyalite sosyo-politik peyi Dayiti a.

Doktè Eddy Arnold Jean se otè plizyè liv ki fè anpil furè. Pami yo ou jwenn: Etzer Villaire (1996), Gouverneur de la rosée, le texte et ses lectures (2001), L’itinéraire romanesque de Jacques Stephen Alexis (2006) ak 19e siècle haïtien (4e édition 2011).

Disparisyon yon potorik sèvo pwal panche yon bò balans jeni ayisyènn nan. Ke tè a lejè pou li!

Leave A Reply