Apèl pou inite ak aksyon kolektif kont kriz ak leadership medyòk

57
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Yon latriye pati politik ak òganizasyon nan sosyete sivil, patikilyèman tout antite ki te sinye Pak pou mete peyi sou ray estabilite ak preparasyon eleksyon yo, declare key o fatige ak lòbèy ki mawonde yon lòt fwa ankò peyi a. Yo mete anfaz sou kriz plizyè tèt avan eleksyon yok e Premye minis pou ti bout tan an, Alix Didier Fils-Aimé kreye a, e ki riske lage nasyon an nan plis katchaboumbe ke jan li ye jounen jodi a.

Nan sans sa, òganizasyon politik ak sosyàl tankou Debout Citoyen, KID, EDE, e latriye, lanse yon kout lanbi bay tout fòs peyi a, pou pote kole nan tèt ansanm, anba yon bat bouch anba tonèl ki kapab debleye peyi a e retire li nan labou ou tchouboum ke Premye minis pou ti bout tan an lage’l la. Selon antite politik sa yo, ki te konplis nan bay Didier jarèt atravè Pak Sankoutcha a, denonse enkapasite leader a pou mete sou pye menm eleksyon anndan peyi a.

Nan nòt sila ke òganizasyon politik ak sosyàl yo mete deyò a, yo estime ke Premye minis Didier afiche plis ke yon mwens zewo; konsa, yo menm konsta yo montre ke li pi anvlime sitiyasyon an pandan plis ke 20 mwà ke li fè nan Primati a ap make pwen ak zewo.

Kidonk, pou anpil kritik, prezans ou gouvènans Alix Didier Fils-Aimé nan ba direksyon peyi a, egal a yon zewo kap likide pandan l’ap fè anpil efò pou li senbolize enkonpetans nan tout nivo.

Share:

Leave a reply