Asasinay Jovenel Moise : Jij enstwiksyon Mathieu Chanlatte gentan rale kò’l nan dosye a

912

08/14/2021

Pòtopwens______(TRiboLAND) Nan mwens yon semèn ke li te dezinye pou enstwi dosye asasinay Jovenel Moise la, jij Mathieu Chanlatte pa pran tan pou anonse fòmèlman tribinal pwemyè enstans Pòtopwens ke li kraze yon kite sa nan pran chaj enstriksyon yon parèy ka; konsa, li deklare ke li depòte l akoz yon seri konvenans pèsonèl.

Sepandan, anpil kritik pa etone fas ak yon parèy desizyon; “Mwen te di se yon bagay ki pràl fasil ditou ni evidan pou jij Chanlatte pran an men dosye a l`e ou konnen ke li toujou genyen menm machin nan e li pa genyen lòt ajan sekirite ki atache ak sèvis li. Se nan yon ti kazye li ye nan tribinal pwemyè enstans Pòtopwens la. Kote tribinal la ye a, se la egalman gang ame sangwen yo ye, se pa yon bagay fasil pou majistra a fè yon parèy dosye mache nan yon seri kondisyon ki trè difisil”, dapwè jij Jean Wilner Morin ki tap depoze sou renonsiyasyon jij Mathieu Chanlatte sou dosye asasinay Jovenel Moise la.

Antouka, peyi a kontinye ap anglouti e efondre pi fon ak tèt mato kòriptè ki pa gen pouvwà konvokasyon e pa soti pou fè apèl ak konpwomi e konsyans; plis pase yon mwa depi lanmò pwezidan defakto Jovenel Moise, jistis la ki te deja ap mal mennen sou rejim PHTK a, pa sispan kreye ensètitid ak dezespwà nan yon peyi kòripsyon ak enjistis ap taye banda chak jou Bondye mete.

Comments are closed.