Glisman teren, plizyè kay efondre nan zòn Labori Okap

354
0
Share:
TRiboLAND


05 – 02 – 2024

Kap-Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè kay efondre maten jedi 02 me 2024 la nan zòn Labori, Kap-Ayisyen. Bwigad Pwoteksyon Sivil yo deja resanse 3 kay ki tonbe, alòske genyen 11 moun ki pèdi lavi yo nan yon parèy dram.


Otorite lokal yo, pwoteksyon sivil nan tèt kole ak popilasyon an ap debleye, men poko genyen yon bilan definitiv ki disponib pou konnen ki kantite viktim yo ye.

Antouka, dezyèm vil peyia konnen yon jounen lapli ki okazyone sant vil la inonde. Otorite lokal yo mande moun ki rete nan zòn danje yo, pou yo deplase paske an atandan bon jan dispozisyon pran.

Share:

Leave a reply