Bato kago “The Felicity Ace” pran dife ak 4000 machin abò li

2,718

02/15/2022

(TRiboLAND) Yon bato ki pote non “The Felicity Ace” ki te nan wout pou antre nan peyi Etazini, pran dife ak plis pase 4,000 machin deluks ou flanban nèf nan mitan Oseyan Atlantik la, a 850 kilomèt Pòtugal.

“The Felicity Ace” te genyen abò li apepwè 22 moun ki te fòme ekipaj la, e 4000 machin dènye kri tankou : Porsches, Audis ak Bentleys. Fòs Defans Ayeryèn nan peyi Pòtugal nan konplisite avèk yon gwo tankè gaz ki tap pase te fè anpil dilijans pou te sove tout ekip kago a sen e sof nan moman kago bèl longè a te kòmanse ap plonje nan bafon lanmè ak tou 4000 machin wololoy byen chè yo.

Comments are closed.