Wanament : Yon gwoup timoun pran lari jounen premye novanm 2022 a pou grangou ak lekòl yo paka ale

1,375

11-01-2022

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Yon gwoup ti moun nan komin Wanament te rasanble devan lokal Radyo Wana Vizyon jounen madi premye novanm 2022 a. Ti moun sila yo tap proteste e tap egzije Leta Santral koupyon pou tande kri yo kap naje nan lafen paka manje ak ni pa ka ale lekòl.

Timoun yo ki te montre trè klè ke yon konpran tout sa kap pase nan peyi a, fè konnen Premye Minis
Ariel Henry, se veritab pichon peyi a nan moman an ak tout makrèl li yo. Se ekip dirijan initil sa yo ki lakòz nap naje nan mizè nwà konsa anndan peyi a.

Pou kèk nan yo ki te pale nan mikwo TRiboLAND, yo fè konnen si Jovenel te la se pa konsa yo t’ap ye. Ti moun yo mande Ariel kite pouvwa a epi mete l disponib pou lajistis tande l.

Se te anviwon yon ventèn timoun konsa ki pran lari e ki tap proteste nan fason pa yo.

Jn Simon Manex

Comments are closed.