Pòdpè ensekirite / Lapolis flite krible anba bal yon lòt swadizan manm gang nan sware mèkredi 26 oktòb 2022 a

1,558

10-26-2022

Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Lapolis krible anba bal aswè jedi 26 oktòb 2022 a yon nyèm jèn gason nan zòn Wonpwen, nan vil Pòdpè.

Nan sousi li pou swadizan proteje e sèvi, Direksyon polis Nòdwès la pa sispan vide bandi atè depi kèk tan. Konsa, anpil jèn ke yo ta di ki genyen akizasyon “gang” sou tèt yo, arive tonbe pa pakèt. Se ka de “yon jèn gason byen konni nan vil Pòdpè ki pote non “Neye” ki jwen lanmò li ak yon bal nan tèt nan site Kapwà Lamò.

“Neye” tap neye nan san li tankou yon pakèt lòt presume gang; e ta sanble li pat menm gentan gen chans pou jwen arestasyon li; san oken fòm prosè ajans lòd yo etèn souf li aprè ke li te blese mòtèlman nan tèt.

Kèk sous ke TRiboLAND ta fè konfyans konfime pat janm genyen oken konfwontasyon ak lapolis, yo rete kwè se regleman kont. Pralèlman, genyen lòt vèsyon ki deklare ke li te nan boukante kout zam ak lapopo.

Nap raple, li te vè 6:45 pm, nan menm sware a lòske odyans Radyo Makoni FM nan vil Pòdpè tap tande difuzyon yon seri enfòmasyon bò kote yon group jèn gason ki lonje dwàt jouda sou direksyon depatmantal polis la key o konsidere kòm achitèk yon rezo polis kò gang kap mache elimine moun ki anpeche yo fè biznis zangi, gaz, dwòg ak vòlè tè.

Comments are closed.