Yon lòt vèsyon sou swadizan zak kidnapping ki fèt sou 30 pasajè nan zòn Ti Bwadòm jodia

1,431

10-22-2022

Yon latriye sous medyatik voye jete byen lwen enfòmasyon ki pibliye sou metronome ki ta vle fè kwè ke bandi kidnape 30 pasajè abò otobis “La Genèse”, jodi samdi maten 22 oktòb 2022 nan zòn Tibwadòm.

Daprè enfòmasyon ke jounalis profesyonèl, Wilgens Devilas pibliye sou paj Facebook li, yon pasajè konfime ke otobis “La Genèse” te reyèlman kite Pòdpè maten an vè 8:00 am pou antre Pòtoprens. Konsa, nan moman yo ta pral antre Canaan, bandi te mete men sou bis la e yo te fè tout pasajè desann e fouye valiz ou tout bagay moun yo.

Konsa, yo pat epanye menm kontrolè ak chofè machin nan. Kontrèman a sa yon seri media ap fè konpran, otobis la ak tout moun yo te libere san sen kòb chada; sepandan yon sèl jèn gason yo te kenbe akoz li te deklare ke li ta pral vwayaje.

Kredi: Wilgens Devilas

Comments are closed.