Palmarès de l’année: “Rezo Nòdwès” mete “Ticket Magazine” nan plas li!

355

12/23/20

Pòtoprens_____(TRiboLAND) Nan yon nòt jounal alyn “Rezo Nòdwès” fè sòti madi ki 22 desanm 2020 an, responsab platfòm nan voye yon pinga seren bay yon lòt antite kap itilize logo ak non “Rezo Nòdwès” atravè yon inisyativ ki pote non “Palmarès de l’année.”

Konsa, responsab ajans anlyn la deklare ke li pa desan kole ou nan konfyolo ak anyen ki ta sanble jwèt makrèl ak kòken mèt dàm, mande pou inisyatè evenman sa retire san pèdi tan logo ak non rezo a nan sa ki pa respekte etik.

Selon kredo sitwayènte, “Rezo Nòdwès” ap bay jarèt dwà pou moun enfòme ak kore libète pou yon près ki konplètman lib anndan peyi Dayiti san konsesyon depi 5 lane.

Ankò yon fwa, “Rezo Nòdwès” vle reyitere konviksyon li pou li rete yon près lib ki pa sòti pou chanje kazak sou wout etik li ak endepandans li; li pa soti tou pou li bay benediksyon a oken “zak reselè” ak “aktivite brasaj” ki pa klè e ki pa kanpe sou oken objektif serye.

Comments are closed.