Komisyon lekòl Dwa ak Ekonomi an nan vil Pòdpè selebre premye lane egzistans yo

02/13/2022
Pòdpè_____(TRiboLAND) 12 fevriye 2021—12 fevriye 2022, sa fè egzakteman yon lane depi rektora inivèsite LETA Dayiti te pwosede ak enstalasyon yon komisyon nan lekòl Dwa ak Ekonomi an nan site Kapwa Lamò a, ki genyen nan tèt li, Madame Toussaint Kathia, Mèt Estimont Joanel epi nouvo Komisè gouvènman pakè pòdpè a, Mèt Virgile Michelet, nan lide pou restriktire enstitisyon Dwa ak Ekonomi sila.
Nan objektif sa a, yon gwo seremoni te rive dewoule an prezans divès etidyan ak pwofesè, nan lokal lekòl Dwa ak Ekonomi an, nan lide pou rive selebre gwo jounen sila.
Dapwè deklarasyon doyen inivèsite lekòl Dwa ak Ekonomi an, Mèt Michelet Virgile, pandan yon bat je divès aktivite deja reyalize pami yo: egzamen pou etidyan kite nan difikilte yo, regilarizsyon lis etidyan lekòl la, bonjan kondisyon kreye pou etidyan itineran yo, soutnans divès etidyan nan divès domèn, yon milye vyab ki favorize pwosesis ansèyman ak aprantisaj la poun site sa yo sèlman.

Li enpòtan pou konnen, lekòl dwa ak Ekonomi site kapwa lamò a, te vrèman tap monte yon maswife e pat janm sispann kouri laviwonn dede. Etidyan yo nan sans sa a, bat bwavo lakontantman non sèlman pou chanjman ke komisyon an deja opere nan lekòl sila men tou felisite komisyon an pou leadership yo ak fason ke y ap dirije enstitisyon sila.
Mèt Virgile pou koulya, mande ak chak grenn sitwayèn ak sitwayen pou yo jete vigilans yo sou lekòl la paske se byen pa yo li ye. Konsa, komisyon an di, yo pwè yap tann nenpòt moun ki vle entegre lekòl la.
Genson HYPPOLITE






