Me ki sa TRiboLAND konnen sou manif 28 septanm Okap la

1,791
  • Se te Plat Fòm Pitit Desalin ki te lanse jounen mobilizasyon an.
  • Manif lan tranble dezyèm vil peyi a e reyini yon foul moun enpresiv ke moun pa fasil wè.
  • Bwà a te mare nan Okap, jan sa te anonse.
  • Ojektif santral manif lan, se te pou proteste kont chète lavi a ki ensupòtab: ogmantasyon pri prodwi petrolye yo, ensekirite jeneralize ak demisyon Premye minis enkapab PHTK a, Ariel Henry. Yo reproche doktè a, kòm enkapab ki agrave sitiyasyon ki pi malouk.
  • Genyen malerezman gro katchouboumbe ki eklate nan manif lan. Sòlòkòtò popilè a te vinn vire an deblozaj, plizyè biznis piye ak vandalize.
  • Ajan lòd yo te oblije ap fè bwàs pout e arive mete dlo nan diven group dechèpiyè yo. Yo tef è izaj gaz lakrimojèn ak bal reyèl pou te repouse yon seri manifestan ki te awoyo.
  • Nan kout kat la, enfòmasyon kap soti nan site wà Kristòf la pa fè eta de moun ki al bwà chat ou blese.
  • Krab la teg ra! Se yon manif ki fè resèt, tèlman te genyen moun.

Comments are closed.