Près : Marx Stanley Léveillé ranpòte uityèm edisyon pri jèn jounalis an Ayiti

84

09-23-2022

Pòtoprens, Ayiti _____ (TRiboLAND) Marx Stanley Léveillé ranpòte uityèm edisyon pri jèn jounalis nan peyi Dayiti, pou kategori près odyovizyèl. Sou òganizasyon Près Odyovizyèl (OIF) Marx ranpòte pri sa gras ak repòtaj : Gresye, endistri lwazi asfizye pa gè gang ak gang nan Matisan.

Marx soti nan zantray vil Pòdpè, li te kite site Kapwà Lamò a aprè etid klasik li, pou-l te al kontinye etidye nan kapital peyi a. Nan lane 2017, Marx te entegre Enstiti Nasyonal Kominikasyon pou te etidye Jounalism; nan lane 2019 li entegre Radio San Fen (RSF) kòm repòtè ak prezantatè.

Se gwo lakontantman pou Marx Stanley Léveillé pou pri sa, daprè sa li ekri sou paj Facebook li.

Comments are closed.