Lajistis nan vil Okap lage antreprenè Yves Leroy apre arestasyon li semèn pase

02/25/2026
Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Nan aprèmidi mèkredi 25 fevriye 2026 la, tribinal nan dezyèm vil peyi a deside libere antreprenè Yves Leroy, apre li te pase anviwon de (2) jou anba gadavi.
Yves Leroy te arete lendi 23 fevriye a, nan moman plizyè inite espesyal nan Lapolis (PNH) te debake lakay li nan yon operasyon miskle, sou akizasyon swadizan detansyon ilegal zam. Entèvansyon an te fèt nan kad operasyon “Goudougoudou”, yon operasyon ki vize konbat krim òganize transnasyonal.
Sepandan, daprè enfòmasyon ki soti nan sistèm jidisyè a, verifikasyon ki fèt sou zam yo te jwenn lakay li ak nan plizyè nan biznis li yo montre yo te anrejistre legalman. Se sou baz sa a jij la te pran desizyon pou lage li san pouswit.
Dosye sa a soulve kesyon nan opinyon piblik la sou mezi kontwòl ak verifikasyon ki fèt pandan operasyon anti-kriminalite yo, espesyalman lè sa konsène sitwayen ki gen dokiman an règ.






