Group gang sangwen 400 Mawozo ta egzekite 3 jèn manm “Baz 47” sou akizasyon espyonaj

1,450

09-23-2022

Kwadèboukè, Ayiti____(TRiboLAND) 3 jèn gason ki ta sanble fè pati “Baz 47” ta asasine, mouri e bwile daprè yon manm nan group sila. Fanmiy jèn sa yo ki anba gro panik ak konstènasyon depi yè aprèmidi, pa konnen ki sen pou yo rele.

Enfo yo ta lonje dwàt jouda sou group gang sangwen “400 Mawozo” ki ta poze lapat sou yo nan moman yo te sou wout pou al patisipe nan yon rankont politik nan Fonparizyen, daprè yon manm ‘Baz 47” la , Ti Bwà ki tap eksprime endinyasyon li sou telefòn.

3 jèn sa yo ki pote non: Nicolas Murat, Rijhonson Dumas ak Baby, te sou motosiklèt pou yo te al boske yon tjotjo nan men yon responsab politik yon fason pou yo te antere yon pwòch yo; se konsa, nan moman yo tap pase Kwàdèboukè, group sangwen an ta akize yo kòm espyon. Yo touye yo anba bal e bwile kadav yo san kite tras.

Paralèlman, genyen rumè ki ta vle fè kwè ke Nicolas Murat, youn nan viktim yo ta toujou anvi, men nan yon eta deplorab aprè ke group gang 400 Mawozo ta relache li.

Comments are closed.