Jakmèl/Brakaj: Yon jèn demwazèl viktim de yon kout manchèt nan antre vil Jakmèl

2,334

05-10-2022

Jakmèl_____(TRiboLAND) Bendjana se non yon jèn demwazèl ki viktim de yon tèrib atak yèswa vè 9è pandan l tap sòti zòn Basen Kayiman, poul ale lakay li, Monchil nan vil jakmèl.

Selon sous nou ka fè konfyans, jèn demwazèl la viktim nan moman li te sou yon moto pandan lap pase tou prè materyo de konstriksyon (SEM) nan vil Jakmèl, 2 nèg sòti anba bannann nan ak zam ak manchèt. Pandan ke atoufè yo bare moto a; lè Bendjana wè sa, li leve kouri e pandan lap kouri li tonbe ap rele bare e anmweyy.

Se konsa, chofè moto menm te egalman leve kouri anba bannann nan e kite moto a. Youn nan nèg yo kouri dèyè Bendjana; akoz lap rele bare yo bal yon kout manchèt nan kwis li. Viktim nan pa mouri, sepandan, sitiyasyon an te nesesite yon entèvansyon medikal prese prese.

Selon enfo yo, Bendjana manke pase alenfinitif! Li te arive sove akoz aparisyon limyè yon machin ki te brake sou yo e ki ta pral okazyone presume kriminèl yo kraze rak.

Selon plizyè temwanaj moun nan kanton an; yo lonje dwàt jouda sou leta reselè a ki pa pran responsabilite l. Sitwàyen yo deklare ke se pa premye fwa yon zak kriminèl rache moun yon ap miltipliye nan rejyon an.

LAKOSSS PEYI A

Comments are closed.