Wolf Hall alyas Titi Loto jwen liberasyon l

238

10\26\20

Pòtoprens____(TRiboLAND) Aprè manifestasyon yon group sitwayen nan Kafou te mete sou pye pou mande san pèdi tan liberasyon Wolf Hall e aprè ke gro chèf gang Matisan an, Ti Lapli te revandike kidnapping Titi Loto a nan yon emisyon semen pase; konsa, viktim nan arive jwen liberasyon l dimanch 25 oktòb 2020 an.

Nap raple Titi Loto ki se yon jèn antreprenè te kidnape sa gen yon prèske yon semen anba men sangwen ame nèg Gran Ravin nan riyèl Alerte nan madi swa ki te 20 oktòb nan moman li tap antre lakay li.

Selon Ti Lapli, Mesye sa yo genyen bagay nan men yo e yo konte ale nan eleksyon. Konsa, yo menm tou nan ghetto a, tou senpleman ap chèche pa yo tou nan sa kap bwase nan yon peyi kote ke tout koukout klere pou je w.

Comments are closed.