Yon nouvo estrikti sosyo-inivèsite pran nesans nan Nòdwès peyi Dayiti

1,376

07-19-2022

“En Avant Nord-ouest”, se non yon mouvman sosyo-inivèsitè ki rive pran nesans nan Site Kapwa Lamò a.
Pòdpè, Ayiti______(TRiboLAND) Plizyè etidyan nan divès inivèsite nan vil pòdpè deside mete sou pye yon mouvman sosyo-inivèsitè,ki pote non” En Avant Nord-ouest” (EANO).

Mouvman estriktirèl sa a, dapwè enfòmasyon ki rive jwenn sal redaksyon TRiboLAND, kreye nank objektif pou rive reflechi sou divès fenomèn kap sakaje dègonn sosyete ayisyèn nan, notamman sosyete nòdwezyèn nan.

Pou yo menm, yo pa deside rete diferan fas ak kriz kap travèse peyi a. Yo kontinye pou di, inivèsite a nan tout peyi, la pou rezoud pwoblèm; malerezman nan peyi Dayiti yo mete inivèsite sou kote. Se konsa, sa lakòz yo paka pwodwi ide vwa pou konsome.

Nan lide pou kanpe goumen ak fenomèn sila yo, Rosené Doirin, etidyan nan jesyon nan lekòl Dwa Pòdpè a, nan tèt kole ak divès lòt etidyan deside lanse ofisyèlman mouvman sila kite prevwa pou jounen madi 22 jiyè 2022 a,ki malerezman repòte pou yon dat ke nou pako konnen.

Comments are closed.