Fritz Alphonse Jean toujou rete kwè nan yon tranzisyon koupe fache

2,030

Pòtoprens, Ayiti_______(TRiboLAND) Ekonomis Fritz Alphonse Jean lanse yon lòt kri dapel pou yon konbit tèt kole ant tout aktè yon fason pou jwen yon deplwàtonay kriz la atravè yon tranzisyon divòse ak ansyen sistèm nan. Fritz rete kwè, yon parèy demach tranzisyonèl kap kapab fasilite sènay tout defi yo tankou òganize eleksyon.

Ekonomis ou ansyen gouvènèn bank santral la, ki se te jwen nominasyon li kòm prezidan nan akò Montana a, enumere yon kolòn chalenj kap mantibile peyi a: kriz gaz, batay ou troke kòn group gang nan site Solèy, trafik zam, e pi gro dilèm nan se kriz sosyo-ekonomik lan ki anvlope tout popilasyon an. Konsa, li lonje dwèt sou Ariel Henry ak tout reselè nan gouvènman an ki afiche yon mepri san parèy anvè sa yo kap subi zak vyolans atravè peyi a.

Prezidan eleksyon Akò Montana a fè eta de yon kriz imanitè nan pòt kay nou kòm nasyon, sitou ak depresyasyon goud nasyonal la, pri prodwi premyè nesesite yo. Li soulinye ke se avèk doulè ke lap konstate pèzib sitwàyen kontinye ap pèdi vi yo anba bal babdi nan site Solèy. Li deplore yon seri konsène kap itilize pò atravè peyi a pou fè richès nan trafik zam ak minisyon.

Comments are closed.