Konsekans arestasyon Anel la: yon valè moun mouri ak plizyè kay ki ensandye

193
0
Share:
TRiboLAND

PÒTOPWENS__(TRiboLAND) Yon bon valè moun mouri ak plizyè kay ensandye jodi Madi 23 Jwiyè-a nan Machan Desalinn nan depatman Latibonit lan, kèk tan apwè Lapolisnasyonal te fenn pwosede ak arestasyon chèf gang anjandre-a Anel Joseph nan depatman Sid peyi-a.

Selon sèten temwen, yon pakèt bandit ame jous nan dan e atake kay ak vi pèzib sitwayen ki pat jamè danse kole ak Anel Joseph. Antouka, selon kèk rapòtè li difisil pou estime dega zak repwezaj yo e ki kantite kay ak biznis ki ensandye e konbyen moun ki fè vwèl pou peyi san chapo nan moman katye jeneral Anel-la tap pwan gwo fwap.

Se yon veritab chas osòsyè tankou jan plizyè nan rapòtè yo dekri li bay TRiboLAND.com: yon sènn kote ke moun ap kouri kite lakay yo pou sove pou-l yo; flanm dife ak lafimen pasi pala kote ke plizyè kay ap konsomen; tèt moun dekapite nan yon latèrè kri de detrès ak gwo kout zam manman penba.

Share:

Leave a reply