Me kisa TRiboLAND konnen de renouvèlman BINUH anndan peyi a.

2,077
  • Konsèy sekirite Nasyon Zini prolonje manda BINUH ki selon yon pakèt antite anndan peyi a konsidere kòm yon kansè kap disparèt Ayiti.
  • Woy, yon lòt fwà ankò dilatwà pou yon lòt ane.
  • Se peyi Etazini ak Meksik ki parèn rezolisyon pou renouvle manda BINUH ki pa kanpe sou anyen anndan peyi a.
  • Konsèy sekirite Nasyon Zini prolonje manda BINUH anba rezolisyon 2645 (2022) ke li adopte radmare pou sika 15 jiyè 2023.
  • Konsèy la reklame yon akò pou eleksyon yo fèt ak pran mezi drastic kont group ban name yo anndan peyi Dayiti.
  • Konsèy la mande pou tout aktè ki konsène nan kriz ayisyèn nan jwen yon akò nan mitan yo avèk bourad BINUH ki te abitye bay group gang yo ochan sou prezidan Jovenel Moise.
  • Konsèy ki toujou ap deside pou lòt ti peyi yo, ankouraje yon prosesis politik ke ayisyen yod we dirije pou kont yo e ki kapab fasilite òganizasyon eleksyon tout kalite yo fèt nan lapè, transparans ak libète anndan peyi a; men se lè kondisyon sekirite yo amelyore.
  • Konsèy sekirite L’ONU a prevwà pran sanksyon endividyèl kont chèf gang nan 90 jou kap vini la aprè adopsyon rezolisyon an ( sezi byen ak entèdiksyon vwayàj).
  • Lachin sujere (sa pa nan teks la) yon fòs polis rejyonal nan Amerik Latine nan pou bay jarèt fòs sekirite peyi Dayiti a.
  • Konsèy la kontinye fè dilatwà chak ane yo, lè li deside egzije yon sispansyon rapid vyolans gang yo ansanm ak aktivite kriminèl yo.
  • Yon parèy rezolisyon montre yon lòt fwa ankò a ki pwen Nasyon ZINI fè yon sèl tèt kole pou pase peyi Dayiti anba betiz ki tèt koupe ak mechanste kolora a.
  • Nasyon ayisyèn nan konsidere BINUH kòm yon antite neglijab, nil ki plis enplike nan mete plis dlo nan je pèp ayisyen an nan yon seri pozisyon medyòk nan zafè entèn peyi a.
  • Renouvèlman sa se yon lòt okazyon favorab pou ayisyen mete ego yo sou kote e pran konsyan ke yap efondre tout bon vre.
  • L’ONU pa genyen absoluman oken repons pou peyi Dayiti; objektif prensipal la se bwase lajan ak kriz la e miltipliye volonte yo pou yo wè fen pèp ayisyen an.
  • Prezan L’ONU nan peyi Dayiti pandan prèske 2 deseni, seyon katastròf repunyan.
  • L’ONU plis kontribye nan demoli peyi Dayiti ke ede’l proteje dlo potab li. (krim kolora a).
  • BINUH plis fè promosyon ilegalite ak gansterizasyon anndan peyi Dayiti.
  • Rezolisyon Konsèy la, montre yon ke se Ayiti ki pou gonfle ponyèt li pou mete yon pwen final ak tout konplo kolon ki kontribye nan destabilize li ak efondre li.
  • Rezilosyon Konsèy la pa genyen anyen ke nenpòt ki senp sitwayen ayisyen pat konnen deja; tankou “DILATWÀ” epi randevou pou lòt ane, sitou lè monte ensekirite a.
  • Tout ayisyen dwe rekonèt ke si lòbèy ki rele BINUH anndan peyi a te kapab fè yon bagay, li tap fèl deja paske li la ap bwase kòb anndan peyi a pandan kèk jou.
  • Ayiti ap kontinye plonje nan fatra avèk renouvèlman.
  • TRiboLAND kase randevou pou ane prochen ak Konsèy sekirite L’ONU a ki toujou fè anpil efò pou fè dilatwà ak moratwà nan dosye pèp anyisyen an.
  • TRiboLAND kase randevou ak L’ONU lòt ane pou yon lòt maskarad ak brasaj Madanm Lalime ki tèt koupe ak yon konplo entènasyonal.

Comments are closed.