Divès moun manifeste kont transfè Direktè Depatmantal Pwoteksyon Sivil Sid la

2,156

Vandredi 15 jiyè 2022

Okay, Ayiti_____(TRiboLAND) Moun ki te viktim nan tranblemantè 14 dawou 2021 yo pran la Ri pou di non ak transfè Sylvera Guillaume, ki se Direktè Depatmantal Pwoteksyon Sivil branch Sid la.

Daprè latriye viktim sa yo ki twouve yo nan abwi pwovizwa ki nan Savann Litèt, Direktè a fè sa li kapab nan Pwoteksyon Sivil, se Leta ki pou pran responsablite pou pèmèt Direktè a bay pi bon rezilta. Yo denonse Direktè Jeneral la, Dr Jerry ki gen pwoblèm ak plizyè Direktè Depatmantal nan plizyè depatman ki pa vle mache tèt bese devan-l.



Comments are closed.