Lekòl Nasyonal nan zòn Palan,nan site Kapwa Lamò a,depi yon bon bout tan ap fonksyone nan difikilte akòz pa gen ase Ban pou elèv yo chita.

2,458

08-07-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND), Lekòl Nasyonal nan Palan, yon lekòl ki nan tan avan yo tap fonksyone nan yon vye kay klis,ta pral jwenn benediksyon FAES ki, ta pral chanje eskanp figi li, nan yon titan trè kout.

Sepandan, malgre eskanp figi lekòl la chanje. Sapa anpeche lekòl Nasyonal Palan an, ap konnen lavi difisil, akòz pa gen ase ban pou akomode elèv yo.

Enfòmasyon ke nou rive jwenn bò kote direktè a, fè nou konnen depi yon bon bout tan li bay sinyati l pou resevwa ban pou lekòl la, jiskaprezan se pawòl pou fè ti moun dòmi.

Si atik 32 ak 32.1, manman lwa peyi Dayiti a, fè konnen Edikasyon an se yon chaj pou LETA ak Kolektivite Tèritoryal yo, pou kisa rèv sa a pa kapab vin yon reyalite? Èske elèv lekòl nan Palan yo pa fè pati Repiblik la?

Fatige ak yon parèy pwoblèm, direktè lekòl Nasyonal Palan an, msye Calence mande, ak mouche LETA, sitwayèn, sitwayen ak responsab òganizasyon yo, yon bourad; yon mannyè pou rive wè kouman yo kapab bay chak elèv nan lekòl Nasyonal Palan an yon anviwonman aprantisaj ki djanm.

Comments are closed.