Yon nouvo direktè enstale nan tèt komisarya Ti Rivyè Latibonit la

1,089

07-06-2022

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti_____(TRiboLAND) Robens St- Fleur, se non yon nouvo direktè ki enstale nan tèt Komisarya Ti Rivyè Latibonit jounen madi 5 jiyè 2022 a, nan aprèmidi.

Robenson SAINT-FLEUR enstale kòm nouvo responsab komisarya Ti Rivyè Latibonit; li ranplase nan pòs sila Williameson Pierre. Se komisè Rodrigue ki te rive fè enstalasyon sila an absans komisè Ronald Pierre.

Nap soulinye pou ou, nan dènye ane sa yo, bandi sangwen achte rejyon sila lajan kontan. Yo rache, yo separe e lage popilasyon an ozabwa.

Antouka, rete tann pou wè ki sa nouvo responsab la pwal pote kòm rezilta, ta dwe atitid tout obsèvatè!

Comments are closed.