Lakwa An Aksyon ap travay san pran souf pou pote yon chanjman sou twonson wout Lakwa Sen Jozèf la.

3,577

02/18/2022

Madam Ricot,Wilfrid Vincent

Lakwa Sen Jozèf, Pòdpè______(TRiboLAND) Lakwa Sen Jozèf, yon lokalite ki twouve l nan 2e Seksyon Obè komin Pòdpè, ki a kèk kilomèt site Kapwa Lamò a.

Pwoblèm enfrastrikti woutyè pou abitan Lakwa yo se yon gwo fado sak kòlèt; lo okazyone anpil gwo aksidan san konte yon latriye lòt dega ekonomik. Peyizan ak komèsan ak gwo sak sou tèt kap grenpe mòn desann mòn pa janm sispann fè lago.

Fas ak yon sityasyon parèy, Lakwa An Aksyon, kise yon òganizasyon ki genyen nan tèt li yon seri volontè nan djaspora a, tankou: Ovide Lorfils ak sitwayèn lokal, Madam Ricot Wilfrid Vincent ak sosyete sivil la, deside non sèlman kole tèt yo ansanm nan lide pou rive pote yon amelyorasyon sou sityasyon abitan yo, men tou rive pote yon chanjman sou twonson wout sila ki anpeche devlopman boujonnen nan lokalite a.

Nan sans sa a, divès chan daktivite deja mete sou pye; wòch ak gravye ap depoze, kanal ap konstwi, wòch ap poze san konte beton ki gen pou koule. Poze kesyon pou konnen èske travo piblik branch nòdwès bay patisipsyon pa yo? Fondatris òganizasyon LAA a reponn:”se aprè 6 mwa teknisyen TPTC yo te deside reponn ke y ap bay kèlke kamyon materyo.”

Pou fini, fondatris la lanse yon apèl ak tout pitit Lakwa Sen Jozèf ak kèk volontè ki deside akonpanye òganizasyon an. Konsa, yo kapab rele yo sou nimewo sa yo: 32011559 / 32281215.

Genson HYPPOLITE

Comments are closed.