Yon demwazèl asasinen nan Plato Santral : lapolis ap chèche tankou chyen fou Marc Naly Joseph

1,342

07-05-2022

Plato Santral, Ayiti_____(TRiboLAND) Samdi 2 jiyè dènye, nan yon lokalite ki rele Guedon nan depatman sant peyia, yo dekouvri kò san vi Thaica Dorvil, 25 lane mouri asasinen.

Selon dènye detay, ta sanble se mennaj li, Marc Naly Joseph ki ta touye li. Pou konnya, Lapolis nan depatman Sant peyia ap chèche li pou enplikasyon prezime li nan zak sila.

Daprè fanmiy defen an, mesye dàm yo te soti ansanm nan vandredi ki te 1e jiyè e li pat antre pandan nwit lan. Yo rapòte ke Marc Naly abitye maltrete demwazèl la.

Comments are closed.