Bwigad vijilans popilè nan Fò Jak, egzekite bandi “Sachè Nwa” ak 5 lòt sangwen reselè

889

01 – 10 – 2024

Petyonvil, Ayiti____(TRiboLAND) Yon ekip bwigad vijilans ki pa manje anyen ki fwèt, ki lokalize nan Metivyè, komin Petyonvil fè ladènye yè lendi 8 janvye 2024 la, sou yon chèf gang lokalite a ki pote non “Granmoun pa Jwe” alyas “Sachè Nwa”.

“Sachè Nwa”, selon sa enfo yo rapòte arive egzekite ansanm ak kèk 5 lòt sangwen parèy li, pami yo 2 antènn reselè. Segwen sila yok e yo idantifye kòm manm gwo group gang kriminèl “Kraze Baryè” nan komin Taba, ki genyen nan tèt li Innocent Vitelhomme, yon gwo bandi ki genyen gwo magogo lajan FBI mete sou tèt li.

Antouka, manm bwigad vijilans, arive fè yon gwo kout dan sou yon seri sangwen kriminèl ki arive jwenn say o tap chèche nan lokalite Metivyè nan komin Petyonvil.

Nap raple, bwigadye yo ki pat ezite rantre nan kare bandi yo, te arive poze lapat sou 2 zam latwoublay, ki rele lapolis chèmèt chèmètrès.

Comments are closed.