Nòdwès Sante: seyans fòmasyon sou VIH/SIDA

617

10\05\20

Pòdpè____(TRiboLAND) Pou kontinye sansibilize popilasyon Nòdwès la sou VIH/SIDA, Òganizasyon Devlopman ak Lit Kont Povrete (ODELPA) reyalize nan finisman wikenn nan (dimanch 04 Oktòb 2020 an), nan Pòdepè, yon gwo seyans fòmasyon nan entansyon manm sosyete sivil la, lidè kominotè yo ak jounalis.

Direktris egzekitif ODELPA a, madàm Soeurette Policar, ki t ap entèvni nan moman fòmasyon sa, fè konnen objektif la, se fè prevansyon sou VIH/SIDA a answit pataje mesaj lespwa, mesaj bòn nouvèl pou fè moun k ap viv ak VIH/SIDA a konnen lavi a pa fini pou yo. Yo kapab viv nòmal san pwoblèm pwiske gen trètman pou moun sa yo.

Pou sila yo k ap viv ak maladi a ki t ap pran medikaman e ki kanpe nan wout akoz estigmatizasyon, ak diskriminasyon, madàm Soeurette fè moun sa yo konnen yo pa dwe rete mouri paske gen posibilite pou yo pote medikaman yo lakay moun sa yo oubyen zòn kote y ap santi yo pi alèz la.



Direktris egzekitif la, madàm Soeurette Policar, kontinye pou di: si nan tan lontan malad yo te konn pran yon dividal konprime maten, midi ak aswè kont maladi saa, jounen jodi a, pasyan yo ap bezwen pran yon (1) sèl konprime chak swa k ap pèmèt nan 3 mwa chaj viral malad la ap tèlman ap diminye. Se sèten, l’ap bese kote pasyan an ap rive nan faz endetektab oswa entransmisib, ki vle di li pap kapab transmèt maladi a ankò.

Manm sosyete sivil la, lidè kominotè yo, jounalis yo ki te prezan nan seyans fòmasyon saa pwomèt pou y’al kontinye pataje yon parèy mesaj ak lè zòt yo. Konsa, Policar fini avèk yon ankouraje a moun ki trape VIH/SIDA a pou yo pa negijje pran medikaman yo yon fason pou bat tenèb dèyè maladi e rive nan nivo endetektab oswa entransmisib.

Saint Jean Wiskis

Comments are closed.